mercredi 26 mars 2025

AMNEZI

Ou sonje?
 ou sonje ki denye fwa on moun goumen pou kenbew?
 m retew!
 ou pa bezwen ap reflechi ou met  flechiw nan souvni ou ou pap  ka jwenn san redi
 voye mesaj on paket paragraf ki sanble a grafiti men sa sifi
 sifi pou koupe souri kite konn sevi  mizik poun domi 
 kem manke rete lem sonje ke se petet denye fwa m pa rive fe kwakeseswa
 m te plus wem kon akseswa nan  gatew tankou lwa
 ou pa swiv okenn lwa menm gen lafwa paskem pa sonje ki denye fwa ou lesem le chwa 
 se mwen ki lakoz paske m te adwat pandanw te a goch pasi pala
 ou sonje ki denye fwa on moun pa vle kitew ale? 
 malgre nou melanje 
 nou mele nap pile lot anba pla pye nap kriye men nou pap detache
 menm si nou ta rive di setase  ke nou ap rache lap senyen tankou on vye chwal malen
 ke yo kenbe nan chimen jennen
 m vle kitew mennenm men wap plenyen wap yenyen 
 eske se vre lanmou vin pi che ke rezen
 ou sonje ki denye fwa se li ki rele ou sote ou ponpe 
 we ke se apel  li ki monte souf ou komanse monte wap mande wap koute wap kouri al kache
 wap veye moun sou kote paske fok ou pale ti koze 
 ah gad koman tan an efikas nan fe lom chanje fas
 tankou on jwet ak on degouden ki pa gen pil ni fas
 de kisa nou tap pale de pen ak fas ou de do ak fas 

                                                                                                                       

                                                                                                                        LUIGIE


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

NANM MWEN ETENN

twa gagann, pa 3... yap pranm. M gaye anndan, tankou 26 lèt alfabè k ap detenn sou danm, souri pou rann ekwasyon an dous,men adisyon an pour...