mercredi 26 mars 2025

TEYORIS EMOSYONEL

                                                                        


M admet m difisil lew ap pale se gade map gade jan lespriw ap pati 
lew jwenn mwen san chachem nan jew se santim m santim vin pi piti
m konnen em konsyan ke  saw santi an pa gen pri 
men nan tout sam we yo la nan kisaw vlem rejwi?
wi map kachel menm  montrew sa san redi 
si janm wem nan miwa a m konsa vre ou ou gen rezon pou sedui
m ne poum blesew poutan nan kek lot istwa m se remed pou geri
m we bonew flou egzistans ou lwen avem wap fose souri
lew la lavim gen koule malgre mwen s'on teneb midi
lew wem swaf dlo jew ou prefere kriye poul ka pase olyew kouri
konsyans mwen pa diferan de on  lajounen gran minwi 
ofon ou konnen m dezole  m konsa depim piti 
piti piti map fini pa geri pran pasyans map reyisi
ou se sel domino je kale tout moun met ap gadem map ka met mi
epi kisaw ka repwochem ou plen defo tou ou pa Jezi
o final m pour anyen se ou ki te banm touche lanmou sanm pat baw resi


                                                                                                LUIGIE


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

NANM MWEN ETENN

twa gagann, pa 3... yap pranm. M gaye anndan, tankou 26 lèt alfabè k ap detenn sou danm, souri pou rann ekwasyon an dous,men adisyon an pour...