mercredi 18 juin 2025

NANM MWEN ETENN

twa gagann, pa 3... yap pranm.
M gaye anndan, tankou 26 lèt alfabè k ap detenn sou danm,
souri pou rann ekwasyon an dous,men adisyon an pouri.
Nou ri, men se lik tiyem se lik nourim.

Se sa yo rele... adiksyon an?

Sa w te atann nan  plede soufle nanm mwen  li pa tap janm  mouri.
Chak fwa m vlel, m genyen l.
Chak fwa m bezwenl, li disparèt.
Li sakajem, li depasem.
Li pase gom sou rim, apre l mande padon pou di li regrèt...

Dlo je m etenn yon ti moso nan vi m.
Chak mo se yon baton pini,
li panse li ka korije sèl pati ki zonbi nan mwen.

Lang mwen lou,
m glise kou kalalou 
telman m sou, m dous.
Alkol ak sigarèt...
fwa sa, yo pa ban mwen aret.
Yo kontinye file m.

Menm bouke fè m gras pou yon fwa.
fwa sa pa  gade m kou yon boul kras
Men w lach ou pa gen dimansyon pou sa.

Ou pa konn pe
ou pa konn pè.
Ou brase m, ou fristre m,
ou touye m, ou etenn limyè m.
Yo di m se ou ki pi bon zanmi m,
yo di m ou pap janm trayi m...

Gade vi m 
Si m touye w...
m mouri

LUIGIE


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

NANM MWEN ETENN

twa gagann, pa 3... yap pranm. M gaye anndan, tankou 26 lèt alfabè k ap detenn sou danm, souri pou rann ekwasyon an dous,men adisyon an pour...