samedi 5 juillet 2025

ESI SE OU KI LIMIT MWEN?

 Mwen pa ka di si se on fom santiman, oswa si se yon lòt fòm pè
 Pafwa, ou parèt tankou limyè men lè m pwoche, ou etenn dousman
 Kè m pa konn sil ap bat pou ou,  si lap bat pou mwen
oswa sil jis ap sonnen tankou on alam pou m sove tèt mwen
Men gen de lè ou pale, epi m santi lespwa grandi nan lestomak mwen
Men gen lòt fwa, kè m santi l cho, pa ak chalè,men ak presyon
Komsi mwen  te kenbe souf mwen pou twòp tan
M ap souri, men m ap panike
Le menm nan menw m pa ka sispann mande:
"Eske se ou ki limit mwen?"
Paske chak afeksyon ou pote gen yon vid alantoul
Chak mo dous ou di, anvlope nan yon bri k ap fè m doute
E chak ti mouvman, ka fè tout bagay tonbe
M pa konnen si sa m santi an reyel si se anksyete menm makiyel 
M pa konnen  si m dwe sove poum pa pèdi tèt mwen
Men selsa m konnen, chak m panse kouri toujou gen yon vwa ki chichote:
E si se ou ki limit mwen?
Si se ou poukisa ou pa mete fen nan tout sa ki fè m pè?
Mwen swaf limyè,men mwen pè solèy ki nan ou an
Mwen vle santiw la men mwen pa vle m pèdi tet mwen
Esi se ou ki limit mwen!
eske se pa on limit kap fem pi mal ke fenwa kap rezonem nan?
mwen pa ka pran yon desizyon  kap fe mwen santim totalman vivan
paske gen lontan nanm mwen pa souri 
Lè  w'ap souri, mwen santi m ap flote 
men lè ou pa la, solitid la vin devni yon zanmi enkyetan
M ap chèche nan figi ou yon repons mwen kwè ke ou pa genyen
Lè jounen an ap fini e lalin nan ap paret, nuit lan domi nan sevom
esi se ou ki limit mwen?...


                                                                                 
                                                          LUIGIE

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

L’humain n’est pas loyal

L’humain est-il vraiment loyal ? Comment un être qui traverse une aventure qu’il ignore, qui ne choisit pas ses passions, ses amours, ses d...