Se pa sa w pote sou po w la,
men sa w pote anndan ki vizib lan
Sikatris se pa sa ou di ki fè m rete fikse,
a se sa ki anpeche m refize a
Sikatris se pa imilyasyon an,
men se sansasyon an
Sikatris se pa sa w ban m lan,
men pito repwòch lan kap sonnen nan mwen tankou yon klòch
Ou ka konprann,
men w pa konprann
Sikatris se pa fason ou gade m ak pitye ak degou,
men se jan lespri m wont li kouri al kache nan twou an
Sikatris se lè m konnen m pap janm anyen
nan je moun m ta sipoze yon pakèt bagay
Sikatris se fason ou lage m,
ou vire do w,
ou ale san w pa di babay
Sikatris se sa ou toujou ban m kè m pa bay
Sikatris se louvri baryè lavi m tankou yon poul kap gaye pay
Sikatris se anvayi m, trayi m, blayi m tankou yon vye bagay
Sikatris se lè padon pa sifi,
koz nèf pap janm tounen sis
Sikatris se bri yon sakrifis,
se imaj yon bagay ki detwi w
Se yon ògàn anplis,
ke w aprann viv avè l…
pou tout lavi...
LUIGIE
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire